Accueil / Être membre
Adhésion & engagement citoyen
Être membre
Devenez membre du K-5 ou découvrez comment un membre peut se porter candidat. Nap vanse ansanm.
1
Remplir
Le formulaire d’adhésion ci-dessous.
2
Signer
L’engagement éthique du mouvement.
3
Cotiser
Droit d’adhésion et carte de membre.
4
Agir
Dans le comité de votre section.
Confidentialité. Les informations recueillies servent exclusivement à la gestion interne, à la structuration du mouvement dans les 5 sections et au lien avec la diaspora.
Formulaire d’adhésion et d’engagement citoyen
KOLEKTIF 5 SEKSYON · « Nap vanse ansanm »
Règleman ak prosedi pou kandidati
Kijan yon manm K-5 ka vin kandida
Pou eleksyon Depitasyon, Majistra, KAZEK ak AZEK. KOLEKTIF 5 SEKSYON konstitye ak 25 manm : 5 manm chwazi pa konsansis nan chak seksyon kominal, ki travay ansanm pou konprann sa popilasyon Kòniyon / Granbwa vle tout bon vre.
1
Kondisyon ak pwofil kandida a
- Manm ki angaje : manm K-5 ki enskri dapre règleman yo, ki ranpli fòm nan epi siyen tèks angajman an, ki dakò ak prensip « Nap vanse ansanm ».
- Chat sitwayen konsyan : li siyen epi angaje l pou l travay ak transparans, onètete ak bon jesyon pou komin nan.
- Fòmasyon : li swiv sesyon edikasyon sivik ak fòmasyon sou lidèchip Kolektif la òganize.
- Repitasyon ak entegrite : bonne vie et mœurs, bon konpreyansyon reyalite politik komin nan, respè moun nan zòn nan, rasin li makonnen ak komin nan.
2
Kijan yo chwazi kandida yo
K-5 refize chwa ankachèt, ak fòs, nan vye konbinezon politik oswa lajan anba. Chwa yo fèt atravè yon mekanis demokratik, klè ak patisipatif.
- AZEK ak KAZEK : rasanbleman popilè nan chak seksyon kominal ; 5 manm seksyon an sèvi kòm pilòt ak gid pwosesis la.
- Lameri ak Depitasyon : konsiltasyon ak reprezantan 5 seksyon yo, lidè kominotè yo ak patisipasyon dyaspora a.
3
Dosye kandidati
- Fòm enskripsyon ajou ak prèv li toujou respekte konsiy yo.
- Kopi Chat sitwayen konsyan an siyen ak men l.
- Plan aksyon lokal oswa deklarasyon entansyon aliyen ak Plan Devlopman Komin nan (dlo potab, lekòl, agrikilti, wout, sèvis piblik).
- Lèt rekòmandasyon oswa patrwonaj komite seksyon an oswa asanble lokal K-5.
4
Akonpanyman K-5
Lè rasanbleman popilè yo ak konsèy K-5 la fin valide yon kandidati :
- Kandida a jwenn tout sipò rezo, kad ak estrikti K-5 nan 5 seksyon kominal yo.
- Li benefisye estrateji kominikasyon Kolektif la : foto, feyè, afich, rezo sosyal, gwoup WhatsApp, deklarasyon nan laprès, ak angajman dyaspora a.
Une question sur l’adhésion ?
Le bureau central et les relais de section vous accompagnent, que vous viviez à Cornillon ou dans la diaspora.